Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
l'orthodoxie en haiti
7 juillet 2009

Mil premye ane kote Legliz la te ini

Gen de evenman nan listwa Kretyen yo ke yon moun pa ka neglije si li vle fè yon rale sou twa (3) premye syèk ekzistans Legliz la: 1) se fason ke krisyanizm nan tap epapiye nan Enpi romen, an 2) pèsekisyon ke kretyen yo tap sibi kèk periòd, jiskaske yo proklame akò Milan nan lane 313. Apot yo ak lòt moun ki vini annaprè yo te fonde ampil legliz nan vil ke te gen pi plis inpòtans nan Enpi romen. an   Nan chak vil te genyen yo kominote kretyen ki te gen nan tèt li yo evèk, se konsa apot yo te rele yo, fò 'n di tou ke yo te gen moun ki t’ap ède yo, pè (presbytres) ak diak. Nou ka wè ke mòd òganizasyon sa te deja sou pye depi nan finisman premye syèk la. Nou ka remake sa nan pil lèt ke sen Inyas, evek Antiòch la, te ekri lè’l t’apral nan vil Ròm nan kote yo t’apral matirize li. Sen Inyas se premye moun ke pale klè tankou dlo kòk sou ki sa yo kominote kretyen natif natal ye, «kominote kretyen natif natal la se Legliz», yon lide ki rete plante byen fon nan tyè òtodòks sou fason li konprann Legliz. 

suite...


 

Publicité
Commentaires
Archives
Publicité
Publicité